Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè yon moun fimen tabak li lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè yon moun fimen tabak li lakòz kansè epi kansè lakòz lanmò. Se pi gwo kòz kansè ki kapab evite.

Kisa lasyans di nou

Tout pwodui ki gen tabak, li gen ladan l sigarèt, siga, pip ki gen tabak, chiklèt ki gen tabak, ak tabak pou rale nan tounen gen sibstans ki se ajan ki lakòz kansè, ak nikotin (yon sibstans ki adiktif anpil).

Sigarèt se fòm tabak ki pi komen an epi li responsab pou apeprè 90% tout kansè nan poumon, dapre Asosyasyon Ameriken pou Poumon (Johns Hopkins).

Prèv Epidemyolojik

Ni moun ki ap fimen an ak moun ki ap respire lafimen sigarèt lan gen yon risk ki elve pou gen kansè, paske tabak gen pwodui chimik ki lakòz domaj nan ADN lan. Lè w konsome tabak li lakòz plizyè kalite kansè tankou: Kansè poumon, kansè larenks (bwat vwa a), kansè ezofaj, kansè gòj, kansè vesi, kansè ren, kansè fwa, kansè lestomak, kansè pankreyas, kansè kolon, kansè nan dèyè, ak lesemi myeloyid ki grav (kansè san ak mwèl zo) (NCI).

Yo souvan fè konnen siga ak pip yo gen mwens danje pase lè w fimen tabak; sepandan moun ki fimen siga ak pip gen yon risk ki pi elve pou gen kansè nan kavite oral, ezofaj, larenks, ak poumon yo. Moun ki fimen pip yo gen yon risk ki pi elve pou gen kansè nan po bouch yo akoz kote rès kras pip la rete a (Johns Hopkins).

Moun ki itilize tabak ki san lafimen (lè yo mete tabak la nan tounen oswa lè yo moulen l, sa yo mete ant machwè ak chiklèt la) gen yon risk ki pi elve pou gen kansè nan bouch, ezofaj ak pankreyas (Johns Hopkins). Yo te dekouvri plis pase 28 pwodui chimik ki lakòz kansè nan tabak ki san lafimen.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen modèl bèt ki konfime lè yon moun fimen tabak li pa sèlman ogmante risk pou gen kansè poumon, men lè yon moun ekspoze ak tabak nan fason li ap viv sa ogmante risk pou gen kansè poumon tou (Hecht).

Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè)

Fason pou diminye risk

Pa gen nivo sekirite nan konsomasyon tabak. Nou ankouraje moun ki ap itilize nenpòt pwodui ki gen tabak pou yo sispann fè sa byen rapid. Prèv syantifik yo te montre moun ki sispann fimen, kèlkeswa laj yo gen plis tan ki ajoute sou esperans lavi yo konpare ak moun ki kontinye fimen (NCI). Epitou, lè yon moun sispann fimen lè yo dyagnostike l pou kansè redui risk pou kansè a tiye l.

Si ou gen difikilte pou kite pou kont ou, ou kapab jwenn èd nan men doktè w oswa nan men lòt sèvis sipò tankou Quitline (1-800-QUIT-NOW) ki nan eta ou a, oswa nan American Cancer Society (1-800-ACS-2345). Sosyete Ameriken pou Kansè rekòmande pou chwazi yon moman ki san estrès pou sispann fimen, pou mande fanmi ak zanmi ba w sipò ak ankourajman, fè egzèsis ak aktivite chak jou pou retire estrès, rantre nan yon pwogram pou sispann fimen, epi pale avèk pwofesyonèl swen sante ou a sou medikaman ki ka ede w kite fimen (Johns Hopkins).

Sa nou dwe kenbe

Lè ou konsome tabak li ogmante risk pou gen kansè. Evite fimen epi evite ekspoze ak lafimen sigarèt. Gen resous ki disponib pou ede w kite fimen.

National Cancer Institute (NCI): Tobacco (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Tabak)
Centers for Disease Control and Prevention (CDC): Cancer and tobacco use (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): Kansè ak konsomasyon tabak)
Johns Hopkins: Oral cancer and tobacco (Johns Hopkins: Kansè nan bouch ak tabak)
Cancer Research UK: Cancer and smoking (Rechèch sou Kansè nan Wayòm Ini: Kansè ak Tabak)
National Cancer Institute (NCI): Harms of smoking and benefits of quitting (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Danje ki gen nan fimen ak avantaj ki genyen lè w kite)

Nou te pibliye l:

24 janvye 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022