Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Sigarèt elektwonik la pi sekiritè pase sigarèt yo epi li pa lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè yon moun fimen sigarèt elektwonik oswa lè yon moun rale vapè li gen risk pou gen kansè poumon.

Kisa lasyans di nou

Nou konnen pwodui sa yo sou plizyè non ki gen ladan l e-cigs, vape pens (plim pou rale vapè), vaporizers (vaporizatè), ak sistèm elektwonik pou distribiye nikotin (electronic nicotine delivery systems, ENDS). Yo gen yon batri ki pèmèt aparèy la limen, yon katouch ki gen yon likid (oswa “pòd”), ak yon eleman ki pou chofe epi ki ap chofe sa ki gen nan pòd la. Sigarèt elektwonik yo pa la twò lontan epi nou bezwen fè plis rechèch pou nou detèmine efè yo kapab gen sou yon peryòd ki long sou kansè (ACS). Sigarèt elektwonik yo vin popilè anpil epi lyen ki posib pou li gen ak kansè souvan parèt anlè. Menm si sigarèt elektwonik yo pa gen tabak, pifò gen nikotin ki kapab soti nan tabak; pou rezon sa a FDA karakterize yo kòm pwodui ki gen tabak.

FDA pa mande pou fè tès sou tout sibtans ki gen nan sigarèt elektwonik yo pou asire nou yo san danje. Anplis, pifò pwodui yo pa mete sibtans danjere oswa ki gen chans pou danjere ki gen ladan yo. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi nan Etazini (Centers for Disease Control and Prevention, CDC) deklare pwodui ki nan sigarèt elektwonik yo ka gen sibstans ki danjere oswa sibtans ki ilegal ki soti kote nou pa konnen.

Prèv Epidemyolojik

Syantifik yo pa kapab di yon fason ki sèten si sigarèt elektwonik yo lakòz kansè, menm si yo konnen li kapab gen pwodui chimik ki lakòz kansè. “Vapè” ayewosòl ki gen nan sigarèt elektwonik la se pa dlo men li gen divès kalite sibstans ki ka gen ladan l:

  • Konpoze Òganik ki Volatil (Volatile organic compounds, VOCs) ki kapab lakòz iritasyon zye, nen ak gòj; tèt fè mal; kè plen; ak domaj nan fwa, ren, ak sistèm nève a
  • Gliserin la ki gen lyen avèk pèt fonksyon poumon an lè nou respire l
  • Pwodui chimik ki gen savè, tankou dyasetil, ki gen lyen ak bwonkolit obliteran, yon maladi grav nan poumon

Fòmaldeyid, yon pwodui nou konnen ki bay kansè ki fèt lè likid elektwonik la chofe oswa lè pa gen ase likid ki rive nan eleman ki ap chofe a (ACS)

Prèv Toksikolojik

Nan plizyè etid ki fèt sou bèt yo wè sigarèt elektwonik la gen lyen avèk kansè poumon (NIH). Plizyè etid ki fèt sou bèt te rive konkli lè yon moun ekspoze chak jou ak sigarèt elektwonik la li ogmante devlopman selil ki gen timè a. (Marczylo).

Klasifikasyon pwodui ki bay moun kansè daprè IARC: Li pa Klase (menm si gen kèk konpozan nan vapè sigarèt elektwonik la ki kapab bay moun kansè, li gen ladan l fòmaldeyid, yon pwodui ki kapab bay moun kansè ki nan Gwoup 1, nou konnen ki kanserijèn pou moun)

Fason pou diminye risk

Moun ki itilize sigarèt elektwonik yo ekspoze moun ak risk pou sante ki gen chans pou grav. Li enpòtan pou nou sispann itilize tout pwodui ki gen tabak, li gen ladan l sigarèt elektwonik, pi bonè ki posib pou evite nou vin (oswa pou nou pa rete) adikte ak nikotin (JHU) . Si ou gen difikilte pou kite sigarèt elektwonik la pou kont ou, jwenn èd nan men doktè w oswa nan men lòt sèvis sipò tankou Quitline (1-800-QUIT-NOW) ki nan eta ou a, oswa nan American Cancer Society (1-800-ACS-2345).

Sa nou dwe kenbe

Pako gen ase prèv ki pèmèt nou di sigarèt elektwonik la lakòz kansè. Sepandan, se pa sèlman vapè dlo ki gen nan sigarèt elektwonik la, men li gen divès kalite sibtans, li gen ladan l pwodui chimik ki kapab lakòz kansè. Nou dwe evite sigarèt elektwonik la paske lè nou itilize li ka fè nou gen adiksyon ak nikotin la, epi li ka bay lòt pwoblèm sante ki grav.

American Cancer Society (ACS): E-cigarettes (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Sigarèt Elektwonik)
Food Drug Administration (FDA): Vapes/e-cigarettes (Administrasyon pou Manje ak Medikaman (FDA): Rale vapè oswa sigarèt elektwonik)
Johns Hopkins: E-cigarettes (Johns Hopkins: Sigarèt elektwonik)
National Institutes of Health (NIH): E-cigarettes (Enstiti Nasyonal pou Sante: Sigarèt Elektwonik)

Nou te pibliye l:

25 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022