Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè w manje pwodui pou mete anndan pen ki fèt ak nwazèt ak luil palm li lakòz kansè

Sa ou ka tande

Pwodui ki gen luil palm, espesyalman pwodui pou mete anndan pen ki fèt ak nwazèt se youn (1) nan aliman yo fè konnen ki bay kansè sa pa gen twò lontan.

Kisa lasyans di nou

Yo te siyale pwodui ki gen luil palm, ki kapab genyen 3-Monoklowopwopàn-1, 2-dyòl estè (3-MCPD) ak glisid estè (GE), kòm pwodui ki ka bay moun kansè men se sèlman lè yo chofe a 392 degre Farennayt (FDA). Fabrikan pwodui pou mete anndan pen ki fèt ak nwazèt ak luil palm ki rele hazelnut la fè konnen yo trete pwodui ak yon tanperati ki pi ba pase 392 degre. Pou rezon sa a, Administrasyon pou Manje ak Medikaman nan Etazini (FDA) te deklare li pa reprezante yon risk pou kansè (FDA).

Prèv Epidemyolojik

Etid epidemyolojik yo te fè nou egzaminen pwodui yo pou gade si gen yon relasyon ki egziste ant luil palm ak kansè. Aktyèlman, pa gen prèv nan etid ki fèt sou moun ki montre pwodui pou mete anndan pen ki fèt ak nwazèt oswa luil palm ogmante risk pou gen kansè.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Etid ki fèt sou bèt yo te fè nou egzaminen pwodui yo pou gade si luil palm la lakòz moun gen kansè. Gen kèk etid ki montre lè yo chofe luil palm la nan yon gwo tanperati, li kapab lakòz kansè.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa klase

Fason pou diminye risk

Paske kantite luil palm la, pwodui pou mete anndan pen ki fèt ak nwazèt gen anpil grès satire. Grès satire a ogmante nivo kolestewòl nan san an, sa ki ogmante risk pou gen maladi nan kè ak estwok (AHA). Lè yon moun manje twòp grès li kapab lakòz li gen obezite, sa ki pral ogmante risk pou gen maladi kè, estwok, dyabèt, ak kèk kansè .

Sa nou dwe kenbe

Nou pa konnen pwodui pou mete anndan pen ki fèt ak nwazè gen okenn efè ki bay kansè. Manje sa yo gen anpil grès satire, pou rezon sa, nou dwe manje yo avèk moderasyon (ACS).

Food and Drug Administration (DA): 3-Monochloropropane-1,2-diol (MCPD) Esters and Glycidyl Esters (Administrasyon pou Manje ak Medikaman (DA): 3-Monoklowopwopàn-1, 2-dyòl (MCPD) Estè ak Glisid estè (GE))
Food and Agriculture Organization of the United Nations: Reducing 3- Monochloropropane-1,2-diol esters and glycidyl esters in refined oils (Òganizasyon pou Manje ak Agrikilti nan Etaini: 3-Monoklowopwopàn-1, 2-dyòl estè ak glisid estè nan luil rafine)
American Heart Association (AHA): Saturated fat (Asosyasyon Ameriken pou Kè (AHA): Grès Satire)
American Cancer Society (ACS): Choosing healthy fats (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Chwazi grès ki bon pou sante a)

Nou te pibliye l:

24 jen 2021
Nou te verifye l epi/oswa fè mizajou ladan l 26 janvye 2022