Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Safran an diminye risk pou kansè

Sa ou ka tande

Yo te fè konnen safran an gen pwopriyete antiyoksidan, antiviral, antibakteri, epi li anpeche enflamasyon. Youn (1) nan etid ki pi resan ki fèt sou safran an se te pou montre posibilite li genyen pou li kont kansè.

Kisa lasyans di nou

Kikimin (pati nan safran an ki ba li koulè klere a) te kapte atansyon medya a kòm yon terapi ki kapab kont kansè.

Prèv Epidemyolojik

Etid moun ap fè sou safran an toujou nan premye etap yo, pou rezon sa nou bezwen fè plis rechèch anvan nou kapab di nenpòt bagay sou relasyon ki genyen ant safran ak kansè.

Prèv Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Safran an vize yon fason espesifik wout ki mennen ak siyalizasyon selil ki enplike nan devlopman kansè a, sa ki kapab diminye risk pou kansè (Giordano et al.). Etid ki te fèt nan laboratwa sou bèt sijere safran an ka anpeche kansè, ralanti devlopman kansè a, fè chimyoterapi a pi efikas, epi pwoteje selil ki an sante yo pou yo pa domaje pandan terapi ak radyasyon an.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa Klase

Fason pou diminye risk

Nou poko konnen si lè yon moun konsome pwodui ki gen kikimin, tankou safran, li diminye chans pou gen kansè. Lè w manje aliman ki bon pou lasante, gen yon rejim alimantè ki ekilibre epi kenbe yon nivo aktivite fizik ki apwopriye se yon bon fason pou diminye nan risk pou kansè a.

Sa nou dwe kenbe

Safran an gen plizyè fonksyon biyolojik ki enpòtan, epi etid nan laboratwa yo sijere yo ka ede nan prevwa kansè nan laboratwa ki fè etid sou bèt. Etid moun ap fè sou safran an toujou nan premye etap yo, pou rezon sa nou bezwen fè plis rechèch anvan nou kapab di nenpòt bagay sou relasyon ki genyen ant safran ak kansè.

An Oasis of Healing: Curcumin and cancer (Yon Owasis Gerizon: Safran ak kansè)
Giordano et al.: Curcumin and cancer (Giordano et al.: Safran ak kansè)
Mayo Clinic: Curcumin and cancer (Klinik Mayo: Safran ak kansè)

Nou te pibliye l nan dat:

7 jiyè 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022