Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite
Fo enfòmasyon oswa move enfòmasyon
Nou poko sèten
Estrès ogmante risk pou kansè
Kisa lasyans di nou
Estrès sou yon peryòd ki kout oswa estrès ki grav, tankou estrès ou ka santi anvan ou bay yon diskou, gen tandans pou disparèt tousuit apre evènman estresan an fini. Estrès sou yon peryòd ki long oswa kwonik, sepandan, li lakòz plis domaj.
Estrès kwonik kapab febli sistèm iminitè epi ogmante tansyon w, batman kè w, ak nivo glisemi w. Estrès kwonik ka fè ou gen chans pou gen maladi tankou kansè, pwoblèm dijestif, ak depresyon (MD Anderson Anplis, moun ki gen estrès devlope konpòtman ki pa bon pou sante a, tankou fime, manje twòp, oswa bwè alkòl, nou konnen tout bagay sa yo kòm faktè risk pou kansè (NCI).
Estrès òmòn la kapab bloke pwosesis ki rele anoyikis la tou, se li ki tiye selil ki malad yo epi li anpeche yo pwopaje. Li kapab diminye kapasite kò nou genyen pou konbat devlopman kansè a yon fason natirèl (MD Anderson).
Fason pou diminye risk
Si ou pa kapab elimine kòz estrès, aprann jere l. Gen kèk metòd ki pou diminye estrès ki se pale avèk yon pwofesyonèl, fè yoga oswa meditasyon, rantre nan terapi atistik oswa mizik, mache epi pran yon masaj (MD Anderson). Fè 8 èdtan oswa plis èdtan somèy chak swa. Yon nuit somèy ki konplè esansyèl pou gen yon sistèm iminitè ki ap byen mache, epi li afekte imè, memwa ak kapasite pou nou konsantre tou.
Sa nou dwe kenbe
Estrès kwonik fè moun gen plis chans pou gen kansè ak lòt maladi. Gen plizyè metòd ki disponib pou ede diminye estrès (tankou yoga, meditasyon ak egzèsis); li enpòtan pou jwenn metòd ki fonksyone pou ou a.
Men sous ak lyen pou jwenn plis enfòmasyon
MD Anderson: Stress and cancer (Doktè Anderson: Estrès ak kansè)
MD Anderson: Cutting stress (Doktè Anderson: Kanpe ak estrès)
National Cancer Institute (NCI): Psychological stress and cancer (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Estrès sikolojik ak kansè)
Nou te pibliye l:
30 jen 2021
Nou te verifye l epi/oswa fè mizajou ladan l 26 janvye 2022