Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Ti baton moun kapab jete gen rès (aflatoksin) sou yo sa ki kapab lakòz kansè

Sa ou ka tande

Ti baton moun kapab jete yo fè pou vann gen pwodui chimik ki kapab lakòz kansè.

Kisa lasyans di nou

Nou pa pwouve deklarasyon ki fè konnen ti baton moun kapab jete gen aflatoksin, yon pwodui ki kapab bay moun kansè. Aflatoksin yo se pwodui chimik kèk chanpiyon fè epi nou jwenn yo nan kèk pwodui agrikilti tankou mayi, pistach, ak nwa. Moun ka ekspoze ak aflatoksin lan pandan y ap manje pwodui ki soti nan plant ki kontamine, oswa lè yo manje vyann oswa pwodui ki gen lèt ki soti nan bèt ki te manje yon aliman ki kontamine. Yo te jwenn aflatoksin lan nan kèk manba y ap vann ak nan kèk pat sezam (NCI).

Prèv Epidemyolojik

Se FDA ak EPA ki ap kontwole fabrikasyon ti baton moun kapab jete, yo la pou asire yo kantite moun ki ekspoze a diminye. Aktyèlman pa gen okenn prèv epidemyolojik ki montre gen aflatoksin lan nan ti baton moun kapab jete yo.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Pa gen okenn prèv toksikolojik ki montre gen aflatoksin lan nan ti baton moun kapab jete yo.

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Li pa Klase

Fason pou diminye risk

Ti baton an bwa yo pa gen aflatoksin epi nou kapab itilize yo san danje pou nou manje.

Sa nou dwe kenbe

Pa gen okenn prèv ki soti nan laboratwa ki montre ti baton moun kapab jete yo gen yon lyen avèk ogmantasyon ris pou kansè.

National Cancer Institute (NCI): Aflatoxins (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI): Aflatoksin)
Kumar et al.: Aflatoxins: A Global Concern for Food Safety, Human Health and Their Management (Kumar et al.: Aflatoksin: Yon Enkyetid Mondyal pou Sekirite Alimantè, Sante Moun ak Jesyon yo)

Nou te pibliye l:

24 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022