Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Lè w bwè alkòl li lakòz kansè

Sa ou ka tande

Konsomasyon alkòl ogmante risk pou gen kansè.

Kisa lasyans di nou

OMS konsidere bwason ki gen alkòl epi ki gen etanòl kòm sibstans sikoaktif (OMS). Li kapab lakòz efè ki danjere pou kò a. Lè yon moun konsome alkòl li lakòz yon akimilasyon asetaldeyid, ki se yon pwodui toksik ki soti nan etanòl (alkòl pi san melanj). Nan fwa a, etanòl la transfòme an asetalteyid, epi lè gen yon gwo kantite asetalteyid li deranje pwosesis lyezon ADN la, sa ki lakòz selil yo pa byen repwodui. Epitou, konsomasyon alkòl lakòz domaj nan tisi a, sa ki fè selil ki nan nivo sifas la gen plis chans pou absòbe pwodui ki lakòz kansè.

Prèv Epidemyolojik

Nou dakò pou nou di konsomasyon alkòl kapab lakòz plizyè kalite kansè, epi Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (IARC) (ACS) te klase l nan Gwoup 1 pwodui ki bay kansè (sa vle di li lakòz kansè lakay moun). Gen yon gwo “asosyasyon dòz ak repons” ant konsomasyon alkòl ak kansè (plis yon moun bwè alkòl regilyèman pandan tan ap pase, se plis moun lan gen risk pou devlope yon kansè ki asosye ak alkòl):

  • Tèt ak kou: moun ki bwè yon fason modere gen yon risk ki 1.8 pi elve pou gen yon kansè nan kavite oral ak kansè nan farenks (gòj) ak yon risk ki 1.4 fwa pi elve pou gen yon kansè nan larenks (bwat vokal) pase moun ki pa bwè yo. Moun ki bwè anpil yo gen risk ki 5 fwa pi elve pou gen kansè nan kavite oral ak kansè nan farenks ak yon risk ki 2.6 fwa pi elve pou gen kansè nan larenks. (NCI).
  • Ezofajyen: Konpare avèk moun ki pa bwè alkòl, risk la 1.3 fwa pi elve lakay moun ki pa bwè anpil yo ak 5 fwa pi elve lakay moun ki bwè anpil yo. (NCI).
  • Fwa: Lè yon moun bwè twòp alkòl li asosye avèk yon risk ki apeprè de (2) fwa pi elve pou de (2) kalite kansè fwa (kasinòm epatoselilè ak kolanjiyokasinòm entrapetik) (NCI).
  • Tete: ogmantasyon risk kansè tete a plis lakay moun ki pa bwè anpil yo (1.2 fwa plis) ak lakay moun ki bwè anpil yo (1.6 fwa plis) (NCI).
  • Kolokteral: Lè yon moun soti nan pa bwè anpil alkòl pou pase nan bwè anpil alkòl li asosye ak yon risk kansè nan kolon ak kansè nan dèyè ki 1.2 jiska 1.5 fwa pi elve, konpare ak yon moun ki pa konsome alkòl (NCI).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Etid ki fèt sou bèt, espesyalman pami sourit, te montre yon gwo konsomasyon alkòl mennen ak fòmasyon yon timè (NIH).

Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè; “Etanòl ki nan bwason ki gen alkòl”)

Fason pou diminye risk

Si yon moun ap bwè alkòl, li dwe fè sa avèk moderasyon (NCI). Lè nou di bwè alkòl yon fason modere li rive jiska 1 vè alkòl pa jou pou fi ak 2 vè alkòl pa jou pou gason. Pou fi yo, nou defini konsomasyon alkòl ki fèt ak eksè se lè yon moun bwè 4 vè alkòl oswa plis nenpòt jou, oswa lè li bwè 8 vè alkòl oswa plis pa semèn. Pou gason, nou defini konsomasyon alkòl ki fèt ak eksè se lè yon moun bwè 5 vè alkòl oswa plis nenpòt jou, oswa lè li bwè 15 vè alkòl oswa plis pa semèn.

Sa nou dwe kenbe

Lè yon moun bwè alkòl li ogmante risk pou li fè plizyè kalite kansè. Rekòmandasyon Ameriken (US guidelines) yo rekòmande pou nou bwè yon fason modere (jiska 1 vè alkòl pa jou pou fi ak 2 vè alkòl pa jou pou gason).

National Cancer Institute (NCI):Alcohol and cancer (Enstiti Nasyonal pou Kansè (NCI):Alkòl ak kansè)
Centers for Disease Control and Prevention (CDC): Alcohol and cancer (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): Alkòl ak kansè)
American Cancer Society (ACS): Alcohol use and cancer (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS)): Konsomasyon alkòl ak kansè
MD Anderson: Alcohol and cancer (Doktè Anderson: Alkòl ak kansè)
American Institute of Cancer Research: Drinking and cancer (Enstiti Ameriken pou Rechèch sou Kansè: Bwè alkòl ak kansè)
Studies of Cancer in Experimental Animals (NIH) (Etid sou Kansè ki fèt sou Bèt (NIH))

Nou te pibliye l nan dat:

24 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022