Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Kafe lakòz moun gen kansè

Sa ou ka tande

Lè yon moun bwè kafe li kapab ogmante risk pou gen kansè.

Kisa lasyans di nou

Prèv Epidemyolojik

Lè yon moun bwè kafe li pa yon kòz pou kansè tete, kansè nan pankreyas, oswa kansè pwostat, epi li ka menm diminye risk pou gen kansè nan andomè, kansè nan tèt ak kansè nan kou, kansè kolorektal, ak kansè fwa (ACS). Epitou, gen prèv ki montre lè moun bwè kafe gen lyen ki montre risk pou rezistans ak ensilin ak pou dyabèt tip 2 diminye (ACS). Gen plizyè etid epidemyolojik ki montre lè yon moun bwè kafe li pa ogmante risk pou gen kansè (Zhao).

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Pifò enkyetid ki genyen sou moun ki ap bwè kafe ak kansè rive paske kafe a kapab gen yon pwodui chimik ki rele akrilamid, ki fòme pandan y ap griye kafe a. Nou te remake akrilamid la lakòz kansè lakay bèt ki ekspoze ak yon dòz ki wo anpil. (ACS). Nou te remake akrilamid la lakòz kansè lakay bèt ki ekspoze ak yon dòz ki wo anpil. Etid sa yo te konkli bwè kafe pa lakòz kansè lakay sourit (IARC).

Klasifikasyon pwodui ki kapab bay moun kansè daprè IARC: Gwoup 3 (Nou pa klase yo kòm pwodui ki kapab bay moun kansè).

Fason pou diminye risk

Lè yon moun bwè kafe li sanble gen avantaj pou sante a. Si ou gen enkyetid konsènan ekspozisyon ak akrilamid la, ou kapab diminye ak limite kantite aliman ou ap manje ki kuit nan yon gwo tanperati (pandan l ap fri, ba l koulè, ak lè w ap pase manje a anba fou) pandan yon peryòd tan ki pi long (ACS).

Sa nou dwe kenbe

Lè yon moun bwè kafe li gen yon lyen ak risk kansè ki diminye nan andomèt, kansè nan tèt ak nan kou, kansè kolorektal ak kansè nan fwa. Epitou, lè yon moun bwè kafe li kapab diminye risk pou fè rezistans ak ensilin ak dyabèt tip 2.

American Cancer Society (ACS): Coffee and cancer (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Kafe ak kansè)
American Institute for Cancer Research(AICR): Coffee and cancer (Enstiti Ameriken pou Rechèch sou Kansè (AICR): Kafe ak kansè)

Nou te pibliye l nan dat:

24 jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022