Wonn vèt ki gen pwen entèwogasyon anndan l Ki gen anpil chans oswa ki se bon jan verite

Wonn wouj avèk X anndan lFo enfòmasyon oswa move enfòmasyon

Wonn gri ki gen pwen entèwogasyon anndan lNou poko sèten

Chanje oswa amelyore rechèch ou an

Vyann transfòme yo kapab lakòz kansè

Sa ou ka tande

Lè yon moun manje vyann transfòme li kapab ogmante risk pou gen kansè.

Kisa lasyans di nou

Vyann transfòme yo te chanje pou yo te kapab konsève, fime, sale, fèmante, oswa lòt pwosesis ki pou ede yo konsève oswa amelyore savè yo. Vyann transfòme yo souvan fèt ak kochon oswa bèf, tankou bekonn, sosis, janbon, mòtadèl, òtdòg, ak chakitri tankou poul ak kodenn.

Prèv Epidemyolojik

Nan lane 2015 Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (IARC) te konkli vyann transfòme yo fè pati Gwoup 1 nan pwodui ki kapab bay moun kansè, sa vle di li kanserijèn (oswa li kapab bay moun kansè), dapre prèv ki montre yon ogmantasyon risk kansè nan kolon (IARC). Gen etid ki pa fèt twò lontan ki sijere wòl ki posib pou vyann transfòme a jwe nan ogmante risk pou kansè tete ak kansè pwostat, men gen plis rechèch ki bezwen fèt. Nou toujou pa konnen si gen yon nivo vyann transfòme nou kapab manje san danje.

Prèv ki soti nan Laboratwa oswa Prèv ki pou Sipòte

Gen kèk etid ki fèt sou bèt ki te montre prezans kansè kolon tou pami rat ki nan etid la, sa ki apiye prèv epidemyolojik yo (Lyon).

Klasifikasyon Pwodui ki kapab bay moun kansè dapre IARC: Gwoup 1 (Pwodui ki kapab bay moun kansè)

Fason pou diminye risk

Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS) siyale omwen 18% nan tout kansè ak apeprè 16% nan lanmò kansè lakòz nan Etazini gen rapò ak moun ki pran twòp pwa, moun ki pa fè ase aktivite fizik, epi/oswa moun ki manje mal (ACS). Byen manje a gen ladan l aliman ki gen anpil nitriman, yon kantite ki ede nou jwenn epi kenbe yon pwa ki bon pou sante a. Limite oswa evite vyann wouj ak vyann ki transfòme, bwason ki sikre anpil, manje ki sibi anpil transfòmasyon, ak pwodui sereyal ki rafine. Nan plas li, chwazi pwoteyin tankou pwason, volay, ak pwa (ACS).

Sa nou dwe kenbe

Limite oswa evite vyann wouj oswa vyann ki transfòme, nan plas li, chwazi pwoteyin tankou pwason, volay, ak pwa.

American Cancer Society (ACS): Diet guidelines (Sosyete Ameriken pou Kansè (ACS): Rekòmandasyon pou rejim alimantè)
Cleveland Clinic: Cancer and processed meats (Cleveland Clinic: Kansè ak vyann transfòme)
Cancer Council: Processed meat and cancer (Konsèy sou Kansè: Vyann Transfòme ak Kansè)
International Agency for Research on Cancer (IARC): Red meat and processed meat (Ajans Entènasyonal pou Rechèch sou Kansè (International Agency for Research on Cancer(IARC)): Vyann wouj ak vyann transfòme)

Nou te pibliye l:

1ye jen 2021
Nou te verifye epi/oswa fè mizajou ladan l: 22 out 2022